Coping with Grief
We would like to offer our sincere support to anyone coping with grief. Enter your email below for our complimentary daily grief messages. Messages run for up to one year and you can stop at any time. Your email will not be used for any other purpose.
Par les lois de la nature, tout naît, tout vit, tout périt: Le palmier perd sa verdure, le citronnier perd son fruit, l’homme n’ait pour cesser d’être selon Antoine Duprè.
Une mère c’est une personne qui peut remplacer n’importe qui,mais qui ne peut être remplacée par personne. En ce moment douloureux, je vais vous raconter qui était « Luciana Brutus ».
Luciana Brutus te fèt nan dat 28 Janvier 1955, nan komin Baradère. Luciana se te pitit mesye Inoran Brutus e madam Analie Gaie, tou de (2) mouri. Luciana te fèt nan yon fanmi ki gen twa timoun, de (2) frè e yon sè.
Depi nan yon laj byen bonè, Luciana te yon komesant.
Pandan pasaj Luciana sou tè a, li te gen privilèj rankontre mesye Marilien Ysemat. Yo te marye. Yo genyen kat pitit, twa fi ak yon gason.
1)Myraline ysemat
2)Ketride Ysemat
3)Rachelle Ysemat
4)Jaslin Ysemat
E li genyen kat pitit pitit
1)Mykervens St. Louis
2)Samuel Dabens Paul
3)Abimaël Kerry Paul
4)Ketson Obed paul
E twa Bo fils
1) David Paul
2) Getoud St Louis
3) Claude Manassè
Nan lane 2023 li vin antre isit nan peyi Etats unis (USA) se te yon kontantman pou li pou l te ka wè moun li yo e jwe ak pitit pitit li yo e pou li te ka jwenn yon pi bon swen ak sante li, malerezman pat gen twò gwo chanjman nan sante a.
Men yon ti detay sou maladi li
Nan lane 2020 li santi l pa byen li ale lopital aprè egzamen medikal yo te revele se kè l ki te atake, li fè anpil ale retou Port- au- Prince ale wè kadyològ men amelyorasyon an pat dure pou lontan, doktè toujou di l kè a pa bon, ou pap Dire lontan, li te toujou di si Bondye vle.
Gen moun ki pase sou latè epi yo kite yon tras ki pap janm efase, se konsa nou dekri yon vrè manman, se te yon sèvant ki te fè lavi li tounen yon temwanyaj nan la fwa, lanmou ak sèvis.
Luciana te renmen BonDye ak tout kè li,pou li sèvi BonDye pat yon chwa, se te yon angajman, se sa k fè anvan li mouri li te chante 2 kantik say yo:
1. Jezi se nan prezans ou nan mwen pran plezi
2. Bezwen Jezi se sa kè m rekonèt
Aprè sa li rann dènye soupi li Devan pitit fi li, Rachel ysemat
kóm nou konnen chak moun gen yon jan pou BonDye fè apèl ak yo,e se konsa nan jou ki te 22 jiyè 2026 la, a 2h 51 apres-midi nan lopital Beth Israël, Bondye te fè apèl ak manman, Luciana Brutus. Li te gen 71 lane.
Konizyon
Nou konnen lanmò se yon tiran ki pa epanye pèsonn, kèlkeswa ran sosyal ou, koulè po w, richès ou, lap pase wè w yon jou kanmenm.
Comme a dit l’apôtre Paul dans 2 Timothée 4:7
Elle avait combattu un bon combat,elle a achevé sa course, elle avait gardé sa foi et désormais sa couronne de justice est réservée.
Repose en paix chère maman
Que la terre lui soit légère!
If You Would Like To Send A Flower Arrangement To The Service Being Held On Friday, August 7, 2026. Please Be Aware That The Deadline For Ordering Through Our Online Portal Is Wenedsday, August 5, 2026, AT 12:00 PM.
ANY ORDERS PLACED AFTER 08/05/2026, 12:00PM WILL NOT BE PROCESSED.
To send flowers to the family or plant a tree in memory of Luciana Brutus, please visit our floral store.